1. Entwodiksyon
Règleman sou Konfidansyalite sa a gen pou objektif enfòme itilizatè platfòm KòmandeL yo (ki rele "Platfòm" la apre sa) sou fason done pèsonèl yo kolekte, itilize, trete epi pwoteje nan kad itilizasyon sèvis yo ofri yo.
KòmandeL bay pwoteksyon vi prive ak done pèsonèl itilizatè li yo yon enpòtans patikilye. Se poutèt sa, Platfòm nan pran angajman pou l trete enfòmasyon li kolekte yo yon fason ki transparan e ki an sekirite, an akò ak prensip fondamantal pwoteksyon sou done yo, sitou legalite, ekite, pwopòsyonalite ak limitasyon objektif.
Nan kad aktivite li yo, KòmandeL oblije kolekte sèten done pèsonèl ki nesesè pou founi sèvis li yo, tankou konekte achtè ak vandè, jere kòmand, òganize operasyon lojistik ak trete peman yo.
Règleman sou Konfidansyalite sa a gen pou objektif pou pèmèt chak itilizatè konprann ki done yo kolekte, pou ki rezon, avèk ki moun yo pataje yo, e ki dwa yo genyen an rapò ak pwoteksyon sou done.
Lè itilizatè a antre sou Platfòm nan oubyen itilize sèvis li yo, li rekonèt li li Règleman sou Konfidansyalite sa a epi li aksepte kondisyon ki defini ladan l.
KòmandeL rezève dwa pou l modifye Règleman sa yo pou adapte yo ak chanjman legal, teknik oswa operasyonèl. Itilizatè yo ap okouran nenpòt modifikasyon ki fèt, nan nenpòt mwayen ki apwopriye.
2. Definisyon
Pou Règleman sou Konfidansyalite sa a, tèm ak ekspresyon sa yo, kit yo itilize yo o sengilye oswa o pliryèl, ap gen siyifikasyon sa yo:
- "Done pèsonèl": vle di nenpòt enfòmasyon ki gen rapò ak yon moun fizik ki idantifye oswa ki ka idantifye, dirèkteman oswa endirèkteman, an patikilye referans ak yon non, nimewo telefòn, adrès, done lokalizasyon oswa nenpòt lòt idantifyan.
- "Tretman": refere a nenpòt operasyon oswa seri operasyon ki fèt sou done pèsonèl, tankou kòlèk, anrejistreman, òganizasyon, estokaj, modifikasyon, konsiltasyon, itilizasyon, transmisyon oswa efase.
- "Itilizatè": refere a nenpòt moun fizik oswa moral ki jwenn aksè sou Platfòm nan, kit se achtè, vandè oswa senp vizitè.
- "Platfòm": fè referans ak sèvis dijital KòmandeL la, li aksesib an patikilye atravè sit entènèt oswa aplikasyon mobil, ki pèmèt koneksyon ant itilizatè yo ak dispozisyon sèvis ki asosye avèk li.
- "Kontwolè Done": refere ak antite ki detèmine objektif ak mwayen pou trete done pèsonèl yo. Nan kad Règleman sa a, KòmandeL aji kòm kontwolè done yo.
- "Patnè": refere ak nenpòt antite ki enplike nan bay sèvis sou Platfòm lan, tankou founisè sèvis peman, operatè lojistik, konpayi livrezon oswa founisè sèvis teknik.
- "Detay sou peman": refere ak enfòmasyon ki nesesè pou tretman tranzaksyon finansyè yo, founisè sèvis peman sekirize yo kolekte epi trete.
"Done navigasyon": refere ak enfòmasyon ki gen rapò ak itilizasyon Itilizatè a fè ak Platfòm nan, tankou adrès IP, kalite aparèy, navigatè, paj li gade oswa tan vizit la dire.
3. Done kolekte yo
Nan kad itilizyon Platfòm nan, KòmandeL oblije kolekte diferan kategori done pèsonèl, ki estrikteman nesesè pou bay sèvis li yo, amelyore eksperyans itilizatè a ak sekirite tranzaksyon yo.
Done yo kolekte yo ka gen ladan yo, an patikilye:
3.1 Done sou idantifikasyon
KòmandeL ka kolekte enfòmasyon ki idantifye Itilizatè a, tankou:
- Non ak siyati;
- Nimewo telefòn;
- Adrès imel, si sa aplikab.
Done sa yo patikilyèman nesesè pou kreyasyon ak jesyon Kont Itilizatè a.
3.2 Done sou lokalizayon ak livrezon
Nan kad jesyon kòmand yo ak sèvis lojistik yo, KòmandeL kolekte enfòmasyon ki gen rapò ak lokalizasyon Itilizatè a, tankou:
- Adrès livrezon;
- Enfòmasyon adisyonèl (repè, pwen referans, katye);
- Enfòmasyon pou kontakte moun ki responsab resevwa kòmand la.
Done sa yo esansyèl pou asire livrezon, patikilyèman nan kad rezo mikwo-sant lan ak distribisyon desantralize a.
3.3 Done sou Tranzaksyon
KòmandeL kolekte enfòmasyon ki nesesè pou trete Kòmand yo, tankou:
- Detay sou pwodui yo te kòmande yo;
- Istorik kòmand yo;
- Montan tranzaksyon yo;
- Estati peman an.
Done ki gen rapò esklizivman ak mwayen peman yo (tankou detay sou labank oswa enfòmasyon ki gen rapò ak sèvis mobil tankou MonCash) trete pa founisè sèvis peman sekirize yo epi KòmandeL pa estoke yo dirèkteman, sof si sa nesesè pou trasabilite tranzaksyon yo.
3.4 Done ki gen rapò ak aktivite sou Platfòm nan
Pou amelyore sèvis li yo epi anpeche abi, KòmandeL ka kolekte done ki gen rapò ak itilizasyon Platfòm nan, tankou:
- Istorik navigasyon;
- Entèraksyon ak fonksyonalite yo;
- Preferans itilizasyon;
Kominikasyon ak sèvis kliyantèl.
3.5 Done teknik
Pou rantre sou Platfòm nan, sèten done teknik ka kolekte otomatikman, tankou:
- Adrès IP;
- Kalite aparèy ki itilize a;
- Sistèm eksplwatasyon;
- Navigatè entènèt;
Done koneksyon ak jounal aktivite (log).
Done sa yo kontribye nan sekirite, antretyen ak optimizasyon Platfòm nan.
3.6 Done ki gen rapò ak sekirite ak prevansyon fwod
Nan kad sekirizasyon tranzaksyon yo, KòmandeL ka kolekte epi analize sèten done espesifik, tankou:
- konpòtman acha;
- frekans ak plan kòmand;
- enfòmasyon konsènan peman ak tantativ tranzaksyon.
Done sa yo ede detekte, anpeche epi konbat aktivite fwod, tankou kontestasyon malonèt sou peman yo.
KòmandeL angaje l pou l kolekte sèlman done ki esklizivman nesesè pou objektif li yo epi pou l pa trete done sa yo nan yon fason ki pa konpatib ak objektif sa yo.
4. Metòd pou ranmase done
KòmandeL kolekte done pèsonèl Itilizatè yo atravè plizyè mwayen, an akò avèk prensip transparans, pwopòsyonalite ak sekirite. Done sa yo kolekte swa dirèkteman nan men Itilizatè yo, otomatikman pandan y ap itilize Platfòm nan, oswa endirèkteman atravè patnè otorize yo.
4.1 Kòlèk dirèk nan men itilizatè a
Done pèsonèl yo kolekte dirèkteman lè Itilizatè a:
- Kreye yon kont sou platfòm nan;
- Ranpli fòmilè (enskripsyon, kòmand, kontak);
- Bay enfòmasyon lè y ap pase yon kòmand;
- Kominike avèk sèvis kliyan oswa sipò;
- Pibliye kontni oswa kominike avèk fonksyonalite platfòm lan.
Nan ka sa yo, Itilizatè a bay done li yo volontèman, ak tout konesans reyalite yo.
4.2 Kòlèk nan kad tranzaksyon yo
Pandan itilizatè a ap plase kòmand lan ak lè l ap ekzekite, done yo kolekte pou asire bon fonksyònman operasyon komèsyal ak lojistik yo, tankou:
- Enfòmasyon sou livrezon;
- Detay sou pwodwi kòmande yo;
- Enfòmasyon ki nesesè pou kowòdinasyon avèk founisè yo, chofè livrezon yo ak mikwo-sant yo.
Done ki gen rapò ak peman yo kolekte epi trete ak èd founisè ki bay sèvis peman sekirize yo. KòmandeL sèlman kolekte enfòmasyon ki esklizivman nesesè pou konfime ak swiv tranzaksyon yo.
4.3 Kòlèk done otomatik lè w ap itilize Platfòm nan
Sèten done kolekte otomatikman lè Itilizatè a jwenn aksè oswa itilize Platfòm nan, tankou:
- Done navigasyon (paj ou gade, tan vizit la);
- Adrès IP ak done koneksyon;
- Enfòmasyon teknik konsènan aparèy la ak navigatè a.
Kòlèk sa a ede asire bon fonksyònman Platfòm lan, amelyore eksperyans itilizatè a epi ranfòse sekirite a.
4.4 Itilizasyon cookies ak teknoloji ki sanble
KòmandeL ka itilize cookies oswa teknoloji ki sanble pou:
- Fasilite navigasyon sou Platfòm lan;
- Sonje preferans itilizatè yo;
- Analize itilizasyon sèvis yo;
- Amelyore pèfòmans ak sekirite.
Itilizatè a ka, nenpòt ki lè, konfigire navigatè li pou refize tout oswa yon pati nan cookies yo, sou rezèv sa ka afekte sèten fonksyonalite Platfòm lan.
4.5 Kòlèk bò kote patnè yo
Nan kèk ka, done yo ka kolekte endirèkteman nan men patnè yo, tankou:
- Founisè peman (konfimasyon tranzaksyon, estati peman);
- Patnè lojistik (swivi livrezon, etap pake a rive nan pwosesis livrezon an).
KòmandeL asire l patnè sa yo respekte nòm sifizan sou pwoteksyon done yo.
4.6 Kòlèk pou rezon sekirite ak prevansyon fwod
Nan kad sekirite Platfòm lan, KòmandeL ka kolekte epi analize sèten done konpòtman ak teknik pou detekte aktivite sispèk oswa fwod.
Kòlèk sa a fèt nan yon fason pwopòsyonèl epi sèlman nan bi pou pwoteje Itilizatè yo, patnè yo ak entegrite Platfòm nan.
5. Objektif tretman done yo
Done pèsonèl KòmandeL kolekte yo itilize sèlman pou rezon espesifik, eksplisit ak lejitim, ki gen rapò dirèkteman ak sèvis yo ofri sou Platfòm nan.
Objektif sa yo genyen ladan yo, an patikilye:
5.1 Jesyon Kont Itilizatè
Done pèsonèl yo itilize pou:
- Kreye epi jere Kont Itilizatè yo;
- Pèmèt otantifikasyon ak aksè ak Platfòm lan an sekirite ;
Jere pwofil ak preferans.
5.2 Jesyon Kòmand ak Tranzaksyon
KòmandeL trete done yo pou:
- Anrejistre epi trete Kòmand yo;
- Asire kominikasyon ant Achtè ak Vandè;
- Kontwole ekzekisyon tranzaksyon yo;
Jere peman ki gen rapò ak patnè ki founi sèvis yo.
5.3 Òganizasyon operasyon lojistik yo
Done yo esansyèl pou:
- Planifye epi egzekite livrezon yo;
- Kowòdone aktivite ant vandè yo, chofè livrezon yo ak mikwo-sant yo;
- Optimize wout ak tan distribisyon yo;
Swiv pakè yo jiskaske yo rive jwenn achtè a.
5.4 Amelyorasyon sèvis yo ak eksperyans itilizatè yo
KòmandeL itilize sèten done pou:
- Analize itilizasyon Platfòm lan;
- Amelyore fonksyonalite ak pèfòmans sèvis yo;
- Pèsonalize eksperyans itilizatè a;
Devlope nouvo òf ki adapte ak bezwen Itilizatè yo.
5.5 Kominikasyon ak asistans
Done yo pèmèt:
- Reponn ak demann Itilizatè yo;
- Bay yon sèvis kliyan efikas;
Transmèt enfòmasyon ki gen rapò ak Kòmand, Livrezon oswa devlopman Platfòm lan.
5.6 Sekirite ak prevansyon fwod
Pou asire yon anviwònman ki an sekirite, KòmandeL trete sèten done pou:
- Detekte epi anpeche zak malonèt ;
- Sekirize tranzaksyon finansye yo, patikilyèman atravè peman elektwonik;
Pwoteje itilizatè yo, patnè yo ak platfòm nan kont nenpòt move itilizasyon .
5.7 Konfòmite avèk obligasyon legal ak regilasyon
KòmandeL kapab trete done pèsonèl tou pou:
- Konfòme l ak obligasyon legal ki aplikab yo;
- Reponn a demann otorite konsène yo;
- Prezève prèv yo an ka ta gen konfli oswa odit.
KòmandeL angaje l pou l pa itilize done pèsonèl pou rezon ki pa konpatib ak sa yo ki dekri pi wo a epi pou l limite tretman yo ak sa ki nesesè pou atenn objektif sa yo sèlman.
6. Baz legal pou tretman an
Tretman done pèsonèl KòmandeL fè yo chita sou baz legal lejitim, ki an akò ak objektif ki tabli nan Règleman sou Konfidansyalite sa a.
Dapre nati tretman ki enplike a, KòmandeL konte an patikilye sou baz legal sa yo:
6.1 Egzekisyon Kontra a
Tretman done pèsonèl yo nesesè pou founi sèvis Platfòm lan ofri yo, tankou:
- Kreyasyon ak jesyon Kont Itilizatè yo;
- Tretman Kòmand yo;;
- Oganizasyon livrezon ak sèvis lojistik yo;
- Jesyon tranzaksyon ak peman.
San tretman sa yo, KòmandeL pa t ap kapab founi sèvis li yo yon fason efikas.
6.2 Konsantman Itilizatè a
Nan sèten ka, tretman done yo baze sou konsantman alavans Itilizatè a, an patikilye pou:
- Itilizasyon sèten cookies oswa teknoloji ki sanble;
- Voye kominikasyon ki pa esansyèl;
- Nenpòt itilizasyon espesifik ki mande otorizasyon klè.
Itilizatè a ka retire konsantman li nenpòt ki lè, san sa pa afekte legalite tretman ki te fèt anvan retrè sa a.
6.3 Enterè lejitim
KòmandeL ka trete sèten done pèsonèl sou baz enterè lejitim li, depi enterè sa a pa vyole dwa ak libète Itilizatè yo.
Tretman sa yo gen ladan yo, an patikilye:
- Amelyore sèvis yo ak pèfòmans Platfòm lan;
- Anpeche malvèsasyon ak abi;
- Sekirize sistèm yo ak tranzaksyon yo;
Jere konfli yo ak defans dwa KòmandeL yo.
6.4 Konfòmite avèk obligasyon legal yo
Sèten done ka trete pou konfòme yo avèk obligasyon legal oswa regilasyon, tankou:
- Konsèvasyon done pou rezon kontablite oswa taks;
- Reponn ak demann otorite konsène yo;
Konfòmite ak egzijans ki gen rapò ak lit kont malvèsasyon ak aktivite ilegal yo.
KòmandeL asire tout tretman done pèsonèl chita sou yon baz legal apwopriye epi itilizasyon done yo limite sou sa ki nesesè sèlman.
7. Pataj done pèsonèl
KòmandeL pran angajman pou l pataje done pèsonèl Itilizatè yo sèlman nan limit ki nesesè pou founi Sèvis yo, pou konfòme l ak obligasyon legal yo ak pou sekirite tranzaksyon yo.
Yo ka pataje done pèsonèl yo ak kategori moun sa yo :
7.1 Pataj ak vandè yo
Nan kad egzekisyon Kòmand yo, sèten done transmèt bay Vandè yo, tankou:
- Enfòmasyon ki nesesè pou preparasyon Pwodwi yo;
Done livrezon ki esansyèl pou bon ekzekisyon Kòmand la.
Pataj sa a limite sèlman a sa ki nesesè pou pèmèt Vandè a ranpli obligasyon li yo.
7.2 Pataj avèk patnè lojistik yo
Pou asire Livrezon Pwodui yo, KòmandeL ka pataje sèten done ak patnè lojistik li yo, an patikilye:
- Chofè livrezon yo;
- Responsab mikwo-sant yo oubyen pwen relè yo;
- Nenpòt founisè sèvis ki enplike nan transpò oswa distribisyon.
Done yo transmèt yo limite ak enfòmasyon ki nesesè pou jesyon ak swivi livrezon yo.
7.3 Pataj ak founisè sèvis peman yo
Done ki gen rapò ak peman yo trete ak èd founisè ki espesyalize nan sa, tankou founisè sèvis peman mobil ak enstitisyon bankè.
KòmandeL pa estoke enfòmasyon sansib ki gen rapò ak metòd peman yo, sof si sa nesesè pou trasabilite tranzaksyon yo. Echanj ak founisè sèvis sa yo fèt nan yon kad ki an sekirite.
7.4 Pataj ak founisè sèvis teknik yo
KòmandeL ka itilize founisè sèvis teknik pou ebèjman, antretyen, analiz oswa amelyorasyon Platfòm lan.
Founisè sèvis sa yo ka gen aksè ak sèten done pèsonèl sèlman nan kad misyon yo, anba angajman kontra ki garanti konfidansyalite ak sekirite done yo.
7.5 Pataj pou rezon legal
Done pèsonèl yo pataje ak otorite administratif, jidisyè oswa ak tout lòt enstitisyon otorize lè lalwa egzije sa oswa nan kontèks pwosedi legal.
7.6 Pataj pou rezon sekirite ak anti-fwòd
Pou anpeche epi detekte malvèsasyon, KòmandeL ka pataje sèten enfòmasyon ak:
- Founisè sèvis ki espesyalize nan deteksyon malvèsasyon;
- Enstitisyon finansye yo;
- Otorite konsène yo.
Pataj sa a reglemante epi limite ak sitiyasyon ki mande pwoteksyon Platfòm nan ak Itilizatè li yo.
7.7 Angajman KòmandeL
KòmandeL asire tout pataj done pèsonèl fèt an sekirite epi an akò ak prensip pwoteksyon done yo.
Patnè ak founisè sèvis ki gen aksè ak done pèsonèl yo oblije respekte obligasyon konfidansyalite ak sekirite ki estrik, epi yo otorize pou itilize done sa yo sèlman pou rezon ki espesifye yo.
KòmandeL angaje l pou l pa vann done pèsonèl Itilizatè yo bay lòt enstitisyon oswa antepriz.
8. Transfè done pèsonèl
Nan kad sèvis li yo, KòmandeL ka transfere sèten done pèsonèl andeyò peyi a, sitou lè se founisè sèvis teknik, patnè peman oswa sèvis ebèjman ki baze aletranje k ap trete done sa yo.
8.1 Prensip transfè a
Transfè done pèsonèl yo ka fèt nan ka sa yo:
- Itilizasyon sèvis ebèjman oswa estokaj done ki baze entènasyonalman;
- Itilizasyon founisè sèvis teknik oswa solisyon dijital k ap opere andeyò peyi a;
- Tretman peman enstitisyon finansye oswa sèvis peman mobil ak enfrastrikti entènasyonal ap fè.
Transfè sa yo fèt sèlman lè sa nesesè pou Platfòm nan ofri sèvis li yo.
8.2 Kad pou transfè yo
KòmandeL pran angajman pou l siveye tout transfè done pèsonèl kòmsadwa pou asire yon nivo pwoteksyon ki apwopriye.
Nan sans sa, KòmandeL pran prekosyon patikilye pou:
- Chwazi patnè ak founisè sèvis ki ofri garanti ase nan sa ki gen rapò ak sekirite epi konfidansyalite;
- Jere transfè done yo ak angajman kontra ki apwopriye yo;
Limite done yo transfere ak sa ki nesesè sèlman.
8.3 Sekirite ak pwoteksyon done transfere yo
KòmandeL aplike mezi rezonab pou asire done yo transfere yo jwenn yon nivo pwoteksyon ekivalan ak sa ki aplike sou Platfòm nan.
Sepandan, Itilizatè a rekonèt lwa pwoteksyon done yo kapab varye soti nan yon peyi al nan yon lòt.
8.4 Konsantman ak Enfòmasyon Itilizatè a
Lè Itilizatè a itilize Platfòm nan, li dakò pou done pèsonèl li yo transfere epi trete dapre kondisyon ki endike anwo yo, lè sa nesesè pou l founi Sèvis yo.
KòmandeL pran angajman pou l enfòme Itilizatè yo yon fason transparan sou kondisyon transfè sa yo nan Règleman sa a.
9. Sekirite Done
KòmandeL bay yon enpòtans patikilye ak sekirite done pèsonèl Itilizatè li yo epi li aplike mezi teknik ak òganizasyonèl ki apwopriye pou anpeche nenpòt aksè san otorizasyon, pèt, divilgasyon, modifikasyon oswa destriksyon done yo.
9.1 Mezi teknik pou sekirite
KòmandeL aplike mezi sekirite pou pwoteje sistèm ak done yo, tankou:
- Itilizasyon pwotokòl kominikasyon an sekirite pou echanj done;
- Sekirize aksè ak sistèm enfòmatik yo (otantifikasyon, kontwòl aksè yo);
- Mete an plas mekanis pwoteksyon kont rantre san otorizasyon ak sibèatak;
Fè backup done regilyèman pou asire disponiblite yo.
9.2 Mezi Òganizasyonèl
KòmandeL asire aksè ak done pèsonèl nan òganizasyon li an byen jere, tankou:
- Limite aksè pou moun otorize yo sèlman;
- Ogmante konsyantizasyon anplwaye yo sou pwoteksyon done ak sekirite infòmatik;
Aplikasyon pwosedi entèn pou garanti konfidansyalite enfòmasyon yo.
9.3 Sekirite Tranzaksyon
Pou peman ki fèt atravè Platfòm nan, KòmandeL konte sou founisè sèvis peman ki anrejistre e ki sekirize.
Done sansib ki gen rapò ak mwayen peman yo trete dirèkteman gras ak sèvis founisè sa yo epi KòmandeL pa konsève yo, sof si sa nesesè pou jere e fè swivi tranzaksyon yo.
9.4 Sekirite nan kontèks operasyon lojistik yo
Etandone modèl lojistik KòmandeL la, gen mezi ki pran pou pwoteje done ki gen rapò ak livrezon, tankou:
- Transmisyon an sekirite enfòmasyon bay chofè livrezon yo ak mikwo-sant yo bezwen;
- Limite done patnè lojistik yo gen aksè yo;
Sansibilize moun ki konsène yo sou nesesite pou respekte konfidansyalite enfòmasyon yo.
9.5 Limit Sekirite
Malgre efò ki fèt yo, Itilizatè a rekonèt pa gen okenn sistèm sekirite ki enfayib e Entènèt la gen risk ladan l.
Kidonk, KòmandeL pa ka garanti sekirite total done ki transmèt oswa estoke yo, san, sepandan, li pa renonse a angajman l pou l mete an plas tout mwayen rezonab pou asire pwoteksyon yo.
9.6 Jesyon Ensidan Sekirite
Nan ka ta gen yon ensidan sekirite ki ta ka afekte done pèsonèl yo, KòmandeL angaje l pou l pran mezi apwopriye pou limite enpak yo epi, lè sa nesesè, pou l enfòme Itilizatè ki konsène yo nan yon delè rezonab.
10. Peryòd estokaj done yo
KòmandeL konsève done pèsonèl Itilizatè yo sèlman pou peryòd ki nesesè pou reyalize objektif pou ki yo te kolekte yo, an akò avèk dispozisyon Règleman sou Konfidansyalite sa a ak egzijans legal ki aplikab yo.
10.1 Konsèvasyon ki gen rapò ak jesyon kont
Done ki gen rapò ak Kont Itilizatè yo konsève toutotan Kont lan rete aktif sou Platfòm lan. Nan ka sipresyon oswa inaktivite pwolonje, done sa yo ka efase oswa achive an sekirite, sof si lalwa egzije otreman.
10.2 Konsèvasyon ki gen rapò ak tranzaksyon ak kòmand
Done ki gen rapò ak kòmand, tranzaksyon ak operasyon lojistik yo konsève pandan tan ki nesesè pou trete yo, epitou pou yon peryòd adisyonèl ki pèmèt:
- Jesyon nenpòt plent oswa konfli;
- Jistifikasyon operasyon kontab ak finansye;
Konfòmite ak obligasyon legal ak fiskal ki aplikab yo.
10.3 Konsèvasyon pou rezon sekirite ak prevansyon fwod
Sèten done ka konsève pou yon peryòd ki pi long lè sa nesesè pou prevansyon, deteksyon oswa jesyon fwod, abi oswa aktivite ilegal, ansanm ak pou pwoteksyon Platfòm lan ak Itilizatè li yo.
10.4 Konsèvasyon Done Teknik
Done teknik ak navigasyon yo konsève pou yon peryòd limite, sa nesesè pou analize pèfòmans Platfòm nan, mentnans sistèm yo epi amelyore sèvis yo.
10.5 Achivaj ak obligasyon legal yo
Yo ka konsève sèten done nan achiv an sekirite lè obligasyon legal, kontab oswa regilye egzije sa. Nan ka sa a, yo p ap itilize yo ankò pou rezon komèsyal oswa operasyonèl.
10.6 Efase Done
Lè peryòd konsèvasyon ki aplikab yo fini, done pèsonèl yo swa efase yon fason ki an sekirite oswa yo rann yo anonim yon fason ki pa ka ranvèse, konsa pou yo pa ka sèvi ankò pou idantifye Itilizatè yo.
KòmandeL pran angajman pou l mete anplas pwosedi ki apwopriye pou asire done yo efase oswa rann yo anonim nan kondisyon sekirite ki adekwa.
11. Dwa Itilizatè yo
An akò avèk prensip pwoteksyon done pèsonèl yo, KòmandeL rekonèt Itilizatè yo gen yon seri dwa konsènan done pèsonèl yo, nan kondisyon ak nan limit ki prevwa nan règleman ki an vigè yo.
11.1 Dwa pou jwenn aksè
Itilizatè a gen dwa pou l jwenn nan men KòmandeL konfimasyon si wi ou non done pèsonèl ki konsène l yo ap trete, mande pou l gen aksè ak done sa yo epi pou l jwenn yon kopi yo.
11.2 Dwa pou koreksyon
Itilizatè a ka mande pou modifye oswa aktyalize done pèsonèl li yo lè yo pa egzak, enkonplè oswa demode.
11.3 Dwa pou efase
Sof si gen obligasyon legal pou konsève yo, Itilizatè a ka mande pou yo efase done pèsonèl li yo lè:
- Yo pa nesesè ankò pou rezon yo te kolekte yo a;
- Li retire konsantman li (lè tretman an baze sou konsantman sa a);
Li opoze l ak tretman an epi pa gen okenn rezon lejitim ki jistifye pou l kontinye fèt.
11.4 Dwa pou fè objeksyon
Itilizatè a ka fè objeksyon, pou rezon ki gen rapò ak sitiyasyon pèsonèl li, kont sèten tretman done pèsonèl li yo, an patikilye sa yo ki baze sou enterè lejitim KòmandeL.
11.5 Dwa pou limite tretman
Itilizatè a ka mande sispann tanporèman tretman done pèsonèl li yo nan sèten ka, pa egzanp lè li konteste egzaktitid done yo oswa li fè objeksyon kont tretman yo.
11.6 Pwosedi pou egzèse dwa
Itilizatè a ka egzèse dwa sa yo lè li kontakte KòmandeL atravè kanal kominikasyon ofisyèl ki disponib sou Platfòm nan.
KòmandeL angaje l pou l trete demann yo nan yon delè rezonab epi bay yon repons ki an akò ak egzijans legal ki aplikab yo.
11.7 Limit dwa yo
Egzèsis dwa sa yo ka limite nan sèten ka, sitou lè tretman done yo nesesè pou:
- Konfòme ak yon obligasyon legal;
- Egzekisyon yon kontra;
- Etablisman, egzèsis oswa defans dwa legal;
Prevansyon fwod oswa pou sekirite platfòm nan.
Nan ka sa yo, KòmandeL ap enfòme Itilizatè a sou rezon ki fè demann li an pa ka satisfè nèt.
12. Cookies ak teknoloji ki sanble ak yo
12.1 Definisyon ak wòl cookies yo
Cookies se ti fichye tèks ki ka anrejistre sou aparèy Itilizatè a (òdinatè, telefòn oswa tablèt) lè l ap vizite Platfòm KòmandeL la. Yo pèmèt yo rekonèt aparèy Itilizatè a epi fasilite eksperyans navigasyon li.
KòmandeL kapab itilize tou teknoloji ki sanble ak cookies yo, tankou etikèt (tags), piksèl (pixels) oswa idantifyan koneksyon (login identifiers), pou kolekte sèten enfòmasyon teknik oswa konpòtmantal.
12.2 Objektif itilizasyon cookies yo
KòmandeL itilize Cookies ak teknoloji ki sanble ak yo prensipalman nan entansyon pou:
- Asire bon fonksyònman ak sekirite Platfòm lan;
- Fasilite navigasyon ak itilizasyon sèvis yo;
- Sonje preferans ak chwa Itilizatè a;
- Amelyore pèfòmans ak itilizasyon Platfòm lan;
- Analize itilizasyon sèvis yo pou optimize fonksyònman yo;
Detekte nenpòt anomali oswa aktivite malonèt.
12.3 Kalite cookies yo itilize yo
KòmandeL ka itilize plizyè kategori cookies, tankou:
- Cookies ki obligatwa : esansyèl pou Platfòm lan fonksyone epi gen aksè ak sèvis esansyèl yo;
- Cookies pèfòmans ak analiz : pèmèt nou konprann kijan pou nou itilize Platfòm nan epi amelyore fonksyonalite li yo;
- Cookies fonksyonèl : fasilite pèsonalizasyon eksperyans itilizatè a (lang, preferans, elatriye);
Cookies sekirite : kontribye nan prevansyon kont zak malonèt ak pwoteksyon kont itilizatè yo.
12.4 Jesyon Cookies Itilizatè a fè
Itilizatè a gen opsyon pou jere, konfigire oswa dezaktive cookies yo nenpòt ki lè atravè paramèt navigatè li a oswa, si sa aplikab, atravè zouti ki disponib sou Platfòm nan.
Sepandan, dezaktive sèten cookies ka afekte bon fonksyònman Platfòm lan epi limite aksè ak sèten fonksyonalite oswa sèvis.
12.5 Konsantman
Lè Itilizatè a vizite Platfòm nan pou premye fwa, yo ka enfòme l sou itilizasyon cookies yo epi envite l pou l aksepte oswa refize kèk nan yo, dapre kondisyon Platfòm nan bay yo.
Konsantman Itilizatè a ka modifye nenpòt ki lè.
12.6 Teknoloji Sanblab
Anplis cookies yo, KòmandeL ka itilize lòt teknoloji pou fè swivi oswa analiz ki pèmèt li amelyore kalite sèvis, sekirite tranzaksyon, ak eksperyans itilizatè. Teknoloji sa yo sijè a menm prensip transparans ak pwoteksyon done yo.
13. Pwoteksyon kont fwòd ak abi
13.1 Objektif pwoteksyon an
Nan kad aktivite li yo, KòmandeL mete an plas mekanis pou trete ak analize done pèsonèl pou anpeche, detekte epi konbat aktivite malonèt, abizif oswa ilegal ki ka afekte Platfòm nan, Itilizatè yo oswa patnè yo.
Apwòch sa a gen pou objektif garanti sekirite tranzaksyon yo, fyabilite sèvis yo ak konfyans ant diferan aktè Platfòm nan.
13.2 Tretman ki fèt pou rezon sekirite
Pou prevni zak malonèt yo, KòmandeL ka analize sèten done, tankou:
- Jan navigasyon yo fèt ak itilizasyon Platfòm lan;
- Istorik kòmand yo ak peman;
- Tantativ tranzaksyon ki te refize oswa konteste;
Enkonsistans nan enfòmasyon Itilizatè yo bay.
Analiz sa yo ka fèt otomatikman oubyen manyèlman, selon bezwen sekirite yo.
13.3 Deteksyon ak jesyon konpòtman sispèk
Si yo detekte konpòtman sispèk oswa enkonsistan, KòmandeL ka pran mezi prekosyon, tankou:
- Sispann tanporèman kont an kesyon an;
- Bloke oswa verifye tranzaksyon k ap kontinye fèt yo;
- Demann pou dokiman sipò adisyonèl;
- Limite sèten fonksyonalite Platfòm lan.
Mezi sa yo fèt sèlman nan entansyon pou pwoteje Platfòm lan ak Itilizatè li yo, san sa pa vle di gen okenn fot sou bò Itilizatè konsène a pou sa.
13.4 Konbat fwod ki gen rapò ak peman
KòmandeL bay yon atansyon patikilye sou fwod ki gen rapò ak metòd peman yo, tankou kontestasyon transaksyon ki pa jistifye, fo peman oswa itilizasyon metòd peman san otorizasyon.
KòmandeL ka estoke epi analize done ki nesesè yo pou:
- Verifye validite tranzaksyon yo;
- Kolabore avèk founisè sèvis peman yo ak enstitisyon finansye yo;
Konteste nenpòt tantativ fwod ki pwouve.
13.5 Koperasyon avèk otorite yo ak patnè yo
Nan kad lit kont fwod ak aktivite ilegal yo, KòmandeL ka kolabore avèk:
- Founisè sèvis peman;
- Patnè lojistik;
- Otorite administratif oswa jidisyè konpetan yo.
Koperasyon sa a fèt an konfòmite avèk obligasyon legal yo pou pwoteksyon done pèsonèl yo.
13.6 Pwopòsyonalite mezi yo
Tout mezi KòmandeL met an plas nan kad batay kont fwod la pwopòsyonèl ak risk yo idantifye epi yo limite ak done ki nesesè sèlman pou atenn objektif sa yo.
KòmandeL fè tout sa l kapab pou l rekonsilye sekirite Platfòm nan ak respè pou dwa ak libète Itilizatè yo.
14. Done sou Minè yo
14.1 Prensip Jeneral
Platfòm KòmandeL la fèt pou yon piblik an jeneral ki kapab antre nan kontra epi itilize sèvis komès sou entènèt. An prensip, li pa fèt espesyalman pou minè.
14.2 Kapasite pou itilize platfòm nan
Nenpòt moun ki vle kreye yon Kont oswa itilize sèvis Platfòm lan dwe gen kapasite legal ki nesesè dapre lwa ki an vigè yo. Minè yo ka itilize Platfòm lan sèlman sou sipèvizyon ak responsablite yon paran oswa yon gadyen legal.
14.3 Kòlèk done konsènan minè yo
KòmandeL pa kolekte done pèsonèl nan men minè san konsantman alavans ak verifikasyon yon paran oswa yon gadyen legal.
Nan ka ta gen done pèsonèl konsènan yon minè ki kolekte san yo pa vle, KòmandeL angaje l pou l pran mezi ki apwopriye pou efase yo pi vit posib.
14.4 Responsablite reprezantan legal yo
Paran yo oswa gadyen legal yo responsab aktivite minè ki anba otorite yo fè sou Platfòm lan, patikilyèman sa ki gen rapò ak kreyasyon kont, pase Kòmand ak kominikasyon done pèsonèl.
14.5 Pwoteksyon ranfòse
KòmandeL pran angajman pou l aplike mezi pwoteksyon ranfòse lè done pèsonèl minè yo gen chans pou yo trete, an patikilye lè l limite itilizasyon yo sèlman pou rezon ki nesesè pou bay sèvis yo.
15. Chanjman nan Règleman sou Konfidansyalite a
15.1 Dwa pou modifikasyon
KòmandeL rezève dwa pou l modifye, konplete oswa aktyalize Règleman sou Konfidansyalite a nenpòt ki lè, pou pran an kont devlopman legal, regilasyon, devlopman teknik, devlopman operasyonèl oswa komèsyal ki gen rapò ak aktivite li yo.
15.2 Enfòmasyon sou Itilizatè a
Nan ka ta gen yon chanjman enpòtan nan Règleman sa a, Itilizatè yo ap resevwa yon notifikasyon pa nenpòt mwayen ki apwopriye, tankou notifikasyon sou Platfòm lan, pa imèl oswa pa nenpòt lòt kanal kominikasyon ofisyèl.
Notifikasyon sa a fèt nan entansyon pou asire transparans epi pou pèmèt Itilizatè yo okouran chanjman ki fèt yo.
15.3 Antre an vigè modifikasyon yo
Chanjman nan Règleman sou Konfidansyalite a ap antre an vigè nan dat piblikasyon yo oubyen nan nenpòt lòt dat ki endike, lè yo kominike yo.
Se responsablite Itilizatè a pou l konsilte Règleman sou Konfidansyalite a regilyèman pou l rete okouran nenpòt amannman ki fèt.
15.4 Akseptasyon chanjman yo
Si Itilizatè a kontinye itilize Platfòm lan apre Règleman sou Konfidansyalite a fin aktyalize, li aksepte nouvo dispozisyon yo.
Si Itilizatè a pa dakò ak chanjman ki fèt yo, li lib pou sispann itilize Platfòm nan epi lè sa apwopriye, pou mande pou siprime Kont li an, dapre obligasyon legal yo konsènan konsèvasyon done yo.
15.5 Pwoteksyon dwa aki
Chanjman nan Règleman sou Konfidansyalite a pa afekte dwa Itilizatè yo te deja genyen ni tretman done ki te fèt anvan yo te antre an vigè, ki rete anba kad vèsyon Règleman sou Konfidansyalite ki te an vigè nan moman yo te kolekte done yo.
16. Kontak ak Ofisye Pwoteksyon Done yo
16.1 Pwen Kontak
Pou nenpòt kesyon ki konsène Règleman sou Konfidansyalite a, jesyon done pèsonèl yo oswa egzèse dwa, Itilizatè a ka kontakte KòmandeL atravè kanal ofisyèl ki disponib sou Platfòm nan.
Kanal sa yo ka gen ladan yo:
- Yon adrès imel dedye pou sipò oswa pwoteksyon done yo;
- Yon fòmilè kontak aksesib sou platfòm lan;
Nenpòt lòt mwayen kominikasyon ofisyèl kòmandel bay pou sa.
16.2 Tretman demann yo
KòmandeL pran angajman pou trete nenpòt demann ki gen rapò ak done pèsonèl nan yon delè rezonab, selon nati ak konpleksite demann lan.
Yo ka mande Itilizatè a bay plis enfòmasyon pou pèmèt verifikasyon idantite li epi pou yo ka trete demann li an yon fason ki an sekirite.
16.3 Ofisye Pwoteksyon Done yo
Nan limit sa ka fèt, KòmandeL ka deziyen yon moun oswa yon ekip ki responsab pou asire konfòmite ak règleman ki gen rapò ak pwoteksyon done pèsonèl sou Platfòm lan.
Wòl sa a enplike sitou:
- Kontwole konfòmite ak règleman sou tretman done yo;
- Reponn ak demann Itilizatè yo konsènan dwa yo;
Kontribye nan aplikasyon bon pratik yo nan sa ki gen rapò ak konfidansyalite ak sekirite.
16.4 Konsève echanj yo
Echanj ant Itilizatè a ak KòmandeL nan kad demann ki gen rapò ak done pèsonèl yo ka konsève pou rezon swivi, amelyorasyon sèvis la epi kòm prèv nan ka ta gen yon konfli, an akò ak règleman sou pwoteksyon done ki an vigè yo.